Matthew 8:29
Yo tou de pran rele ansanm: Ey, Pitit Bondye a. Kisa nou gen avè ou? Eske ou vin isit la pou fè n' soufri anvan lè nou?
Bib La
In The King James Version
In Context
30Toupre kote yo te ye a, te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje.
Cross References
2 Samuel 16:10Wa a di Abichayi ansanm ak Joab, frè li a: -Pa antre nan sa ki pa gade nou, tande. Si se Seyè a ki di l' pou l' ban m' madichon, ki moun ki gen dwa mande l' pouki l'ap fè sa?
1 Kings 17:18Madanm lan di Eli konsa: -Sèvitè Bondye, poukisa ou fè m' sa? Ou vin lakay mwen pou fè Bondye chonje peche m' yo, pou fè pitit gason m' lan mouri.
Matthew 4:3Lè sa a, Satan pwoche bò kote l' pou sonde l'. Li di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa yo lòd pou yo tounen pen.
Mark 3:11Chak fwa move lespri yo te wè l', yo te tonbe nan pye l' ap plede rele: -Ou se pitit Bondye a.
Luke 4:34Ey, kisa nou gen avè ou, Jezi, nonm Nazarèt? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen ki moun ou ye; ou se moun Bondye chwazi a.
Luke 8:28Lè l' wè Jezi, li bay yon gwo rèl, li lage kò l' atè devan Jezi, li pran pale byen fò, li di li konsa: Kisa m' gen avè ou, Jezi, Pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Tanpri souple, pa fè m' soufri.