Micah 1:2
Koute byen, nou menm tout nasyon yo. Pare zòrèy nou, nou tout k'ap viv sou latè. Seyè a, Bondye a, pral akize nou. Tande! Li rete nan tanp ki apa pou li a, l'ap pale.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Seyè a ap soti kote li rete a, l'ap desann, l'ap mache sou tèt mòn yo.
Cross References
1 Kings 22:28Lè sa a, Miche di: -Si ou tounen soti nan lagè a san danje ni malè vre, w'a konnen Seyè a pa t' pale nan bouch mwen. Lèfini, li di: -Nou tout pèp yo, koute sa m' di la a wi!
Psalms 24:1Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'.
Psalms 49:1(049:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (049:2) Nou tout, koute sa byen. Louvri zòrèy nou, nou menm k'ap viv toupatou sou latè,
Psalms 50:1Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.
Psalms 50:12Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye.
Isaiah 1:2Seyè a di konsa: -Ou menm syèl la, koute! Ou menm latè, pare zòrèy ou! Paske mwen menm, Seyè a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen.