Micah 2:4
Lè jou a va rive, yo pral fè chante sou nou. Y'a plenn sò nou, y'a di: Nou pèdi tou sa nou te genyen. Bondye kite moun lòt nasyon yo pran peyi a nan men nou. Wi, li pran jaden nou yo bay yon bann moun ki pa kwè nan li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 23:18Epi Balaram pran chante chante sa a: -Souke kò ou, Balak! Vin tande! Pare zòrèy ou, pitit Zipò!
Numbers 24:15Epi Balaram pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m'ap di. Men pawòl k'ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a,
2 Samuel 1:17David pran chante pou plenn lanmò Sayil ak Jonatan, pitit Sayil la.
2 Chronicles 35:25Pwofèt Jeremi te fè yon chante pou plenn sò wa Jozyas. Depi lè sa a, se yon koutim nan peyi Izrayèl: chak fwa fi yo ak gason yo ap chante nan yon lanmò, yo chonje Jozyas. Yo mete tout chante lanmò sa yo ansanm nan yon liv.
Job 27:1Jòb pran lapawòl ankò pou l' bay rès repons li a. Li di konsa:
Isaiah 14:4Lè sa a, n'a chante pou nou pase wa lavil Babilòn lan nan betiz, n'a di: Gade ki jan moun ki t'ap maltrete nou an disparèt! Gade ki jan yo desann kòlèt li non!