Micah 3:5
Men, gen yon bann pwofèt k'ap twonpe pèp mwen an. Depi yo gen yon zo y'ap souse, y'ap mache di jan gen lapè nan peyi a. Men, kite moun pa ba yo lajan, yo di pral gen lagè. Men sa Seyè a di sou pwofèt sa yo:
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 3:12Sa fè m' lapenn pou pèp mwen an! Se yon timoun k'ap prije yo, se fanm k'ap kòmande yo. Sa fè m' lapenn anpil wi pou nou, pèp mwen an! Chèf yo fè nou pèdi chemen nou. Yo mele nou. Nou pa konn ki wout pou nou pran.
Isaiah 56:9Seyè a rele moun lòt nasyon yo pou yo vin devore, pou yo vin manje tankou bèt mawon ki nan savann ak bèt ki nan rakbwa.
Jeremiah 6:14Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen, pa gen danje. Epi manti! Anyen p'ap mache.
Jeremiah 23:9Mesaj sou pwofèt yo: -Kè m' ap fann! M'ap tranble nan tout kò m'. Mwen tankou yon moun ki sou, yon moun ki bwè twòp. Se Seyè a ki lakòz sa avèk pawòl li yo ki pawòl Bondye tout bon.
Jeremiah 23:32Tande byen sa m'ap di: Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap rakonte rèv ki plen manti. Lè konsa, yo fè pèp mwen an pèdi tèt li ak manti y'ap ba li, ak bèl pawòl y'ap di pou tèt pa yo. Se pa mwen ki te voye yo. Se pa mwen ki te ba yo lòd ale. Yo pa ka fè anyen menm pou pèp la. Se mwen menm Seyè a ki pale.
Jeremiah 29:21Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou Akab, pitit Kolaja, ansanm ak Sedesyas, pitit Maseja, ki t'ap pran non Seyè a pou bay manti. Mwen pral lage yo nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ki pral fè touye yo la devan nou tout.