Micah 6:16
Nou pran swiv move mès wa Omri a ansanm ak move bagay wa Akab, pitit gason l' lan, t'ap fè a. N'ap fè menm bagay yo t'ap fè a toujou. Se poutèt sa, m'ap fè malè tonbe sou nou. Tout moun pral rele chalbari dèyè nou. Moun toupatou pral trete nou tankou fatra.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 9:8Tanp sa a va tounen yon vye mazi. Tout moun ki va pase bò la va sezi, y'a met men nan bouch. y'a mande poukisa Seyè a fè peyi a ak tanp lan sa.
1 Kings 18:4Lè larenn Jezabèl t'ap fè touye pwofèt Seyè yo, li menm Abdyas te sove san (0100) ladan yo. Li te kache yo nan de gwòt, li te mete senkant nan chak gwòt. Lèfini, li ba yo manje, li ba yo bwè.
2 Kings 16:3Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo, li menm rive ofri pwòp pitit gason l' pou yo boule pou zidòl yo, dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo te konn swiv.
2 Chronicles 22:4Li fè sa ki mal nan je Seyè a paske, apre lanmò papa l', se lòt moun fanmi Akab yo ki vin sèvi tankou konseye wa a. Se sa ki pèdi l' nèt.
2 Chronicles 34:25Moun lavil Jerizalèm yo vire do ban mwen. Yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, mwen move anpil sou lavil Jerizalèm. Kòlè m' poko ap pase.
Psalms 44:13(044:14) Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.