Micah 7:8
Nou menm ki pa vle wè lavil Jerizalèm, nou pa bezwen kontan wè malè rive nou, nou menm moun lavil Jerizalèm. Nou tonbe, n'a leve ankò! Nou te mèt chita nan fènwa koulye a, Seyè a va yon limyè pou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 31:29Mwen pa janm kontan lè lènmi m' ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo.
Psalms 20:8(020:9) Yo menm, yo gen pou yo bite, pou yo tonbe. Men nou menm, nou kanpe, n'ap kenbe fèm.
Psalms 35:15Men, lè mwen menm mwen nan tray, yo tout yo kontan, yo mete tèt yo ansanm. Y'ap fè pil dèyè do m' pou bay manti sou mwen. Y'ap kale do m' san pran souf.
Psalms 35:24Ou pa nan patipri, Seyè. Fè m' jistis. Pa kite lènmi m' yo fè fèt sou tèt mwen.
Psalms 37:24Si yo tonbe, yo p'ap rete atè a. Paske Seyè a ap ba yo men.
Psalms 41:10(041:11) Men ou menm, Seyè, gen pitye pou mwen. Mete m' sou de pye m' ankò, pou m' ka ba yo sa yo merite.