Nehemiah 1:11
Aa! Seyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè mwen menm, sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi nan gen krentif pou ou. Tanpri, Seyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jòdi a. Fè wa a resevwa m' byen. Lè sa a, mwen te chèf kanbiz wa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 32:11Tanpri, delivre m' non anba men Ezaou, frè mwen an! Mwen pè pou l' pa vin atake nou, pou l' pa touye ata fanm yo ak timoun yo.
Genesis 40:2Farawon an te move ni sou chèf kanbiz la ni sou chèf boulanje a.
Genesis 40:21Li mete chèf kanbiz la nan plas li ankò pou sèvi l'.
Genesis 41:9Se lè sa a, chèf kanbiz la di farawon an: -Koulye a mwen chonje mwen te fè yon fòt.
Ezra 1:1Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye voye toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la:
Ezra 7:27Lè sa a, Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye zansèt nou yo! Li mete nan tèt wa a lide pou l' fè tout bèl bagay sa yo pou tanp Seyè a lavil Jerizalèm.