The Bible Software
bible.software › Nehemiah › Nehemiah 1 › Nehemiah 1:7

Nehemiah 1:7

Nou aji mal anpil avè ou. Nou pa swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout regleman ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, pou nou.

Bib La

In The King James Version

We have dealt very corruptly against thee, and have not kept the commandments, nor the statutes, nor the judgments, which thou commandedst thy servant Moses.

In Context

6Tanpri, voye je ou sou mwen menm k'ap sèvi ou la. Panche zòrèy ou pou tande lapriyè m'ap fè nan pye ou koulye a, lajounen kou lannwit, pou sèvitè ou yo, moun pèp Izrayèl yo. Mwen rekonèt tou sa moun pèp Izrayèl yo fè ki mal devan je ou. Mwen rekonèt ni mwen menm ni zansèt mwen yo nou fè peche.

8Koulye a, chonje pawòl ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, lòd ki di nou: Si nou menm, moun pèp Izrayèl yo, nou pa kenbe pawòl mwen yo, m'ap gaye nou sou latè nan mitan tout lòt nasyon yo.

Read all of Nehemiah 1

Cross References

Leviticus 27:34Men tout regleman Seyè a te bay Moyiz pou moun pèp Izrayèl yo sou mòn Sinayi a.

Deuteronomy 4:5Gade! Mwen te moutre nou tout lòd ak tout regleman, jan Seyè a, Bondye mwen an, te mande m' fè l' la, pou nou te ka viv dapre lòd sa yo nan peyi nou pral pran pou nou an.

Deuteronomy 6:1Koulye a, men kòmandman, lòd ak prensip Seyè a, Bondye nou an, te mande pou yo moutre nou, pou nou te ka swiv yo nan peyi kote nou pral antre pou nou pran pou nou an.

1 Kings 2:3Se pou ou fè tou sa Seyè a, Bondye ou la, va ba ou lòd fè. W'a fè volonte Bondye, w'a mache dapre lòd, kòmandman, regleman ak prensip li bay yo jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la, pou tout zafè ou mache byen kote ou pase, nan tou sa w'ap fè.

2 Chronicles 27:2Jotam te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou Ozyas, papa l', te fè. Tansèlman, li pa t' janm mete pwent pye l' nan Tanp lan. Pèp la menm te toujou ap fè vye sèvis li yo.

Nehemiah 9:29Ou te avèti yo, ou te mande yo pou yo obeyi tout lòd ou yo. Men, lògèy vire lòlòj yo, yo refize swiv kòmandman ou yo. Yo fè bagay ki pa dakò ak lòd ou ba yo. Epi se lè yon moun swiv lòd ou yo, li jwenn lavi! Men, yo fè wòklò, yo fè tèt di, yo derefize obeyi ou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Nehemiah 1:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Nehemiah 1:6Nehemiah 1Nehemiah 1:8 →