Nehemiah 10:31
Si moun sa yo pote machandiz osinon nenpòt pwovizyon vin vann nou jou repo a, nou p'ap achte anyen nan men yo jou sa a. Se menm bagay la tou si se yon jou fèt pou Seyè a. Chak sètan, n'a kite jaden nou yo poze, epi tout moun ki dwe nou, n'a kite dèt la pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:10Men, setyèm jou a, se jou repo pou nou mete apa pou Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni moun k'ap travay lakay nou, ni bèt nou yo, ni etranje ki lakay nou.
Exodus 34:16Konsa konsa, yon lè n'a pran pitit fi moun sa yo pou madanm pitit gason nou yo. Lè pitit fi yo menm va lage kò yo nan sèvis lòt bondye yo, yo ka pran tèt pitit gason nou yo, fè yo vire do ban mwen pou y al sèvi bondye pa yo a, tankou lè yon nonm kite madanm li pou l' al dèyè lòt fanm.
Leviticus 23:3Chak senmenn nou gen sis jou pou n' fè travay nou. Men, setyèm jou a se jou repo. Jou sa a, piga nou fè ankenn travay. Se jou n'a reyini pou n' fè sèvis pou Bondye. Jou repo a se pou Seyè a li ye. Nenpòt kote nou rete jou sa a, piga nou fè ankenn travay lakay nou.
Leviticus 23:35Premye jou a, n'a reyini tout moun pou adore Bondye. Pesonn p'ap fè gwo travay jou sa a.
Deuteronomy 5:12Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou Bondye, jan mwen menm Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd fè l' la.
Deuteronomy 15:7Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Seyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite.