The Bible Software
bible.software › Nehemiah › Nehemiah 10 › Nehemiah 10:34

Nehemiah 10:34

Nou menm, prèt yo, moun Levi yo ak rès pèp la, men ki jan pou nou regle keksyon livrezon bwa pou tanp lan: Chak lanne y'a tire osò pou konnen kilè chak fanmi, yonn apre lòt, va pote bwa y'a bezwen pou boule sou lotèl Seyè a, Bondye nou an, jan sa ekri nan lalwa Bondye a.

Bib La

In The King James Version

And we cast the lots among the priests, the Levites, and the people, for the wood offering, to bring it into the house of our God, after the houses of our fathers, at times appointed year by year, to burn upon the altar of the LORD our God, as it is written in the law:

In Context

33N'a bay tou pen pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann grenn pou chak jou yo, bèt pou yo boule chak jou pou Bondye yo, ofrann pou jou repo yo, pou fèt lalin nouvèl yo, ak pou lòt gwo fèt yo, manje pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann pou wete peche moun pèp Izrayèl yo, ak tout lòt bagay yo ka bezwen pou fè sèvis nan tanp Bondye nou an.

35Nou deside tou chak lanne, n'a pote nan tanp lan pou n' ofri bay Seyè a premye grenn nou rekòlte nan jaden nou ak premye fwi ki mi sou tout pyebwa nou yo.

Read all of Nehemiah 10

Cross References

Leviticus 24:5W'a pran vennkat liv farin frans, w'a fè douz pen. Chak pen va fèt ak de liv farin.

Numbers 28:2-Men lòd w'a bay moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou chonje dat pou yo fè ofrann yo, dat pou yo vin pote ofrann y'ap boule nèt pou mwen nan dife, ofrann k'ap fè m' plezi ak bon sant yo.

1 Chronicles 24:5Nan tou de fanmi yo te gen moun ki te chèf nan Tanp lan ak chèf pou fè sèvis Bondye. Chak moun te gen tou pa yo. Yo te fè yo piye pou yo te ka konnen tou chak moun.

1 Chronicles 25:8Yo fè tout moun piye, gran kou piti, ni sa ki te fò nan fè mizik, ni sa ki te fèk konmanse aprann, pou yo te ka konnen lè pou yo fè travay yo nan sèvis la.

Ezra 3:5Apre sa, yo ofri bèt pou yo boule chak jou a, bèt pou yo boule chak fèt lalin nouvèl yo, ak bèt pou tout lòt jou y'ap fè fèt pou Seyè a, ansanm ak tout lòt ofrann moun yo vle fè pou Seyè a san se pa li ki mande yo fè l'.

Nehemiah 13:31Mwen bay lè pou yo fè ofrann bwa yo ak ofrann premye grenn ak premye fwi ki mi nan jaden lè rekòt. O Bondye mwen, pa bliye m' tande! Pa bliye se mwen menm ki fè tou sa!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Nehemiah 10:34

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Nehemiah 10:33Nehemiah 10Nehemiah 10:35 →