Nehemiah 11:22
Chèf moun Levi lavil Jerizalèm yo te rele Ouzi, pitit gason Bani. Bani sa a te pitit Achabya, Achabya te pitit Matanya, Matanya te pitit Mika. Ouzi te fè pati branch fanmi Asaf. Se yo ki te reskonsab jwe mizik nan sèvis Tanp Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 9:15Te gen Bakbaka, Erès, Galal ak Matanya. Matanya sa a te pitit Mika. Mika te pitit Zikri, Zikri li menm te pitit Asaf.
Ezra 8:19Yo ban nou ankò Achabya ak Jechaya, frè li a, tou de moun branch fanmi Merari. Te gen vin nan pitit gason yo ki te vini ak yo tou.
Nehemiah 8:7Apre sa, pèp la leve kanpe epi kèk moun Levi pran esplike yo lalwa a. Se te Jechwa, Bani, Cherebya, Jamen, Akoub, Chabetayi, Odija, Maseja, Kelita, Azarya, Jozabab, Anan, Pelaja.
Nehemiah 10:11Miche, Reyòb, Achabya,
Nehemiah 11:9Se Joèl, pitit Zikri, ki te chèf yo. Jeouda, pitit gason Asenwa a, te dezyèm chèf nan lavil Jerizalèm.
Nehemiah 11:14Te gen antou sanvenntwit (0128) vanyan gason nan branch fanmi sa a. Se Zabdyèl, pitit gason Agadòl, ki te chèf yo.