Nehemiah 12:35
Mesye sa yo se prèt yo te chwazi pou kònen twonpèt yo. Dèyè yo t'ap mache Zekarya, pitit Jonatan. Jonatan sa a te pitit Chemaja, Chemaja te pitit Matanya, Matanya te pitit Mika, Mika te pitit Zakou, Zakou te pitit Asaf.
Bib La
In The King James Version
In Context
34Jeouda, Benjamen, Chemaja ak Jirimeja.
Cross References
Joshua 6:4Sèt prèt va mache devan Bwat Kontra a, avèk sèt kòn belye pou kònen, yonn nan men yo chak. Men, setyèm jou a, n'a mache fè wonn lavil la sèt fwa ansanm ak prèt k'ap kònen kòn belye yo.
1 Chronicles 25:2Asaf te gen kat pitit: Zakou, Jozèf, Netama ak Acharela. Yo te sou zòd Asaf. Se li ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo chak lè wa a mande l' pou l' fè l'.
2 Chronicles 5:12Tout moun Levi ki te sanba yo, depi Asaf, Eyman ak Jedoutoun jouk tout pitit yo ak lòt fanmi yo, te kanpe sou bò solèy leve lotèl la ak rad blan sou yo. Yo te gen senbal, bandjo, gita. Lèfini, te gen sanven (0120) prèt bò kote yo ki t'ap kònen twonpèt.
Nehemiah 11:17Te gen Matanya, pitit gason Mika. Mika sa a te pitit Zabadi, Zabadi te pitit Asaf. Se Matanya ki te konn voye chante yo, se li ki te konn konmanse kantik pou di Bondye mèsi lè yo t'ap lapriyè. Te gen Bakboukya, ki te asistan Matanya, ak Abda, pitit gason Chamwa. Chamwa sa a te pitit Galal, Galal te pitit Jedoutoun.