Nehemiah 12:43
Jou sa a, yo te ofri anpil gwo sakrifis pou Bondye. Tout pèp la t'ap fè fèt paske Seyè a te ba yo gwo kè kontan. Tout fanm yo ak tout timoun yo t'ap fete tou. Byen lwen yo te ka tande moun yo ki t'ap fete nan lavil Jerizalèm lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:20Miryam, sè Arawon an, te yon pwofèt. Li pran yon tanbouren nan men l', tout medam yo t'ap mache dèyè l', yo t'ap bat tanbouren, yo t'ap danse.
Deuteronomy 12:11Wi, Seyè a, Bondye nou an, va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt nan dife pou Seyè a, lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lòt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' te bay Seyè a.
1 Chronicles 29:21Nan denmen, yo ofri bèt pou yo touye pou Seyè a, yo boule kèk bèt nèt pou Seyè a: antou mil (01.000) ti towo bèf, mil (01.000) belye mouton, mil (01.000) jenn ti mouton ak ofrann diven ki fèt pou mache ak yo. Yo touye yon pakèt lòt bèt yo tè ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la.
2 Chronicles 7:10Nan denmen, ki vle di nan venntwazyèm jou setyèm mwa a, Salomon voye tout moun tounen lakay yo. Yo tout t'ap fè fèt, yo al lakay yo ak kè kontan, paske sa te fè yo plezi pou wè tou sa Seyè a te fè pou David, pou Salomon ak pou pèp Izrayèl li a.
2 Chronicles 20:27Lèfini, tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo ak wa Jozafa alatèt yo tounen lavil Jerizalèm ak gwo kè kontan, paske se Seyè a menm ki te ba yo okazyon fè fèt sou do lènmi yo.
Ezra 3:13Men, pesonn pa t' ka di kilès ki t'ap rele ak kè kontan, kilès ki t'ap plede kriye ak dlo nan je, paske tout pèp la t'ap rele ansanm byen fò. Moun te ka tande yo byen lwen.