Nehemiah 2:1
Lè sa a, wa Atagzèsès te gen ventan depi li t'ap gouvènen, nou te nan mitan mwa Nisan. Jou sa a, se te tou pa m' pou m' te pote diven bay wa a. Mwen pran diven an, mwen pote l' ba li. Li pa t' janm konn wè m' parèt devan l' kagou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 40:21Li mete chèf kanbiz la nan plas li ankò pou sèvi l'.
Ezra 7:1Kèk tan apre tout evènman sa yo, sou rèy Atagzèsès, wa peyi Pès la, te gen yon nonm yo te rele Esdras ki te soti nan branch fanmi Arawon an. Papa l' te rele Seraja. Seraja te pitit Azarya, Azarya te pitit Ilkija.
Nehemiah 1:1Men istwa Neemi, pitit gason Akalya a, jan li menm li te rakonte l' la. Se te nan mwa Kislèv. Lè sa a, wa Atagzèsès te gen ventan depi li t'ap gouvènen. Mwen menm, Neemi, mwen te lavil Souz, kapital peyi a.
Esther 3:7Lè sa a, wa Asyeris t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen. Nan premye mwa a, mwa Nisan an, Aman mande yon divinò fè l' konnen ki jou ak ki mwa ki pi bon pou l' fè sa l' te vle fè a. Se konsa yo tonbe sou douzyèm mwa a, mwa Ada a.