Nehemiah 4:23
Se konsa, lannwit, nou pa janm wete rad sou nou, ni mwen, ni frè parèy mwen yo, ni domestik nou yo, ni gad kò m' yo. Nou tout nou te gen zam nou bò kote nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 9:48Lè sa a, Abimelèk moute sou mòn Zalmon avèk moun ki te avè l' yo. Li pran yon rach li koupe yon branch bwa, li pran l', li mete l' sou zepòl li. Epi li di tout moun ki te avè l' yo: -Nou wè sa m' fè a, kouri vit! Al fè menm bagay la tou.
Nehemiah 7:2Mwen mete de moun reskonsab pou gouvènen lavil Jerizalèm lan. Se te Anani, frè mwen an, ak Ananya, kòmandan gwo fò a. Ananya sa a te yon nonm serye ki te gen krentif pou Bondye. Pa t' gen tankou l'.
1 Corinthians 15:10Se favè Bondye fè m' lan ki fè m' sa m' ye a. Men, li pa t' gaspiye favè l' lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m' lan ki fè sa konsa.