Nehemiah 5:12
Chèf yo reponn: -Wi! N'ap fè jan ou di l' la. N'ap renmèt yo tou sa yo te ban nou kenbe pou dèt yo. Nou p'ap mande yo pou yo peye nou sa yo dwe nou. Lè sa a, mwen fè rele prèt yo, epi mwen fè chèf yo sèmante y'ap fè sa yo sot pwomèt la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 6:22Lè y'a pote plent pou yon moun ki fè frè l' yon bagay mal, si yo mande l' pou l' fè sèman se pa vre, epi li vin fè sèman an devan lotèl ou a, nan tanp sa a,
2 Chronicles 28:14Se konsa sòlda yo renmèt prizonye yo ak tou sa yo te pran bay chèf yo ak tout pèp la.
Ezra 10:12Tout pèp la pran reponn byen fò: -Wi. N'ap fè tou sa ou mande nou fè!
Nehemiah 10:30Nou pran angajman espesyalman pou nou pa marye pitit fi nou ak lòt moun k'ap viv nan peyi a, epi pou nou pa chwazi pitit fi moun sa yo pou marye ak pitit gason nou yo.
Nehemiah 13:25Mwen rale zòrèy mesye yo, mwen mande pou madichon tonbe sou yo. Mwen fè bat anpil ladan yo, mwen fè rache cheve nan tèt yo. Mwen fè yo fè sèman devan Bondye pou yo pa janm pran pitit fi yo pou yo marye yo ak mesye lòt nasyon yo, ni tou pou yo pa janm pran fi nan mitan fi lòt nasyon yo pou madanm pa yo osinon pou madanm pitit gason yo.
Matthew 19:21Jezi di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.