Nehemiah 5:15
Gouvènè ki te la anvan m' yo te konn ap peze pèp la: chak jou yo te konn pran karant pyès an ajan pou pen ak diven. Ata moun ki t'ap travay avèk yo te konn ap peze pèp la tou. Men mwen menm, mwen pa t' fè sa, paske mwen te gen krentif Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 2:15Sa ki pi rèd ankò, anvan menm yo te wete grès pou boule yo, domestik prèt la vini, epi li di nonm ki t'ap ofri bèt yo te touye a konsa: -Ban m' moso vyann pou prèt la fè woti. Li p'ap asepte ou ba li vyann bouyi. Li bezwen vyann fre.
Nehemiah 5:9Mwen di yo ankò: -Sa n'ap fè la a pa bon, tande! Se pou n' mache avèk krentif pou Bondye, pou nou pa bay moun lòt nasyon yo, lènmi nou yo, okazyon pase nou nan betiz.
Psalms 112:1Lwanj pou Seyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Seyè a, ki pran tout plezi l' nan fè sa li mande!
Proverbs 16:6Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal.
Ecclesiastes 12:13Apre tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m' di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun.
Lamentations 5:8Moun k'ap gouvènen nou yo se esklav yo ye. Pesonn pa ka delivre nou anba men yo.