Nehemiah 6:11
Mwen reponn li: -Se pa mwen ki pou kouri al kache. Epitou, yon moun tankou mwen pa pral kache nan tanp lan pou m' sove lavi m'. Non! Mwen pa prale!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 3:10Men, w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo reskonsablite tout travay prèt yo. Si yon lòt moun ki pa prèt ta konprann pou li fè travay prèt yo, se pou yo touye l'.
1 Samuel 19:5Li riske lavi li lè l' al touye sòlda Filisti a. Se konsa Seyè a te delivre tout pèp la, se te bèl bagay. Ou te wè sa, ou te kontan. Poukisa koulye a ou ta renmen wè malè rive yon moun inonsan, ou ta vle touye David san l' pa fè anyen?
Nehemiah 6:9Yo t'ap chache kraponnen nou pou rete travay la. Yo t'ap di nan kè yo: Talè konsa y'a dekouraje avèk travay la, li p'ap janm fini. Aa, Bondye! Ban m' fòs non! Fè m' pa dekouraje!
Psalms 11:1Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se bò kote Seyè a m'ap chache pwoteksyon. Ki jan nou ka fè di m': Kouri al kache kò ou nan mòn tankou zwazo,
Psalms 112:8Anyen p'ap brannen l', li pa pè anyen. Se konsa l'ap kanpe gade moun ki pa vle wè l' yo.
Ecclesiastes 10:1Mouch mouri gate tout boutèy odè. Yo fè l' santi. Konsa tou, yon sèl ti betiz ka fè tout gwo konesans ou pase pou anyen. Sa ka fè moun pa respekte ou ankò.