The Bible Software
bible.software › Nehemiah › Nehemiah 6 › Nehemiah 6:12

Nehemiah 6:12

Lè m' kalkile, mwen wè se pa t' Bondye ki te ba l' mesaj sa a pou mwen. Se Tobija ak Sanbala ki te peye l' pou l' te di m' sa.

Bib La

In The King James Version

And, lo, I perceived that God had not sent him; but that he pronounced this prophecy against me: for Tobiah and Sanballat had hired him.

In Context

11Mwen reponn li: -Se pa mwen ki pou kouri al kache. Epitou, yon moun tankou mwen pa pral kache nan tanp lan pou m' sove lavi m'. Non! Mwen pa prale!

13Konsa, mwen ta pran nan kraponnay, mwen ta fè sa l' di m' fè a, epi mwen ta fè bagay mwen pa gen dwa fè. Yo menm, lè sa a, yo ta pran sa pou pale m' mal, yo ta fè m' wont.

Read all of Nehemiah 6

Cross References

Jeremiah 14:14Men, Seyè a reponn, li di m' konsa: -Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m' pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo ankenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l'. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di.

Jeremiah 23:25Mwen tande tou sa pwofèt yo di lè yo pran non m' pou bay manti, lè yo pretann yo te fè vizyon nan rèv.

Ezekiel 13:7Mwen tou di yo: Vizyon y'ap fè yo se tèt yo y'ap twonpe. Mesaj y'ap bay yo se manti. Y'ap plede di men mesaj Bondye bay. Men, mwen pa t' janm pale ake yo.

Ezekiel 13:22Mwen pa ta renmen anyen rive bon moun yo. Men nou menm, avèk manti n'ap bay yo, n'ap dekouraje yo. N'ap ankouraje mechan yo pou yo pa chanje. Nou pa ba yo chans sove lavi yo.

Acts 20:33Mwen pa janm pote lanvi pou lajan pesonn, ni pou lò ni pou rad okenn moun.

1 Corinthians 12:10Lespri a bay yon moun don pou fè mirak, li bay yon lòt don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye. Li bay yon lòt ankò don pou l' rekonèt travay move lespri yo ak travay Lespri Bondye a. Li bay yon moun don pou l' ka pale langaj, li bay yon lòt don pou l' ka esplike sa pawòl langaj la vle di.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Nehemiah 6:12

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Nehemiah 6:11Nehemiah 6Nehemiah 6:13 →