Nehemiah 6:14
O Bondye mwen, pa bliye sa Tobija ak Sanbala te fè! Pa bliye Nadya, fanm ki pwofèt la, ansanm ak lòt pwofèt yo ki t'ap chache kraponnen m'!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:20Miryam, sè Arawon an, te yon pwofèt. Li pran yon tanbouren nan men l', tout medam yo t'ap mache dèyè l', yo t'ap bat tanbouren, yo t'ap danse.
Nehemiah 4:4Lè sa a, mwen menm, Neemi, mwen lapriyè Bondye. Mwen di l': -O Bondye papa nou! Tande jan y'ap pase nou nan betiz! Sa yo ta renmen wè rive nou an, se sa ki pou rive yo! Se yo ki pou wont! Se pou lènmi vin fè yo prizonye epi pou li depòte yo tout nan yon lòt peyi.
Nehemiah 13:29O Bondye mwen, pa janm bliye moun sa yo pou jan yo avili travay prèt yo ak kontra ou te siyen ak prèt yo ansanm ak moun Levi yo!
Psalms 36:11(036:12) Pa kite awogan yo mete pye sou kou m'. Pa kite mechan yo fè m' kouri.
Psalms 137:7Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l'! Kraze l' ratè!
Isaiah 9:14Yon sèl jou a, Seyè a ap koupe ni tèt pèp Izrayèl la ni ke l'. L'ap pini tout chèf pèp la, gwo kou piti.