Nehemiah 8:15
Lè yo vin konn sa, yo voye fè piblikasyon nan lavil Jerizalèm ak nan tout lavil yo. Yo voye mesaj sa a bay tout moun: -Ale nan mòn. Koupe branch nan pye oliv, nan pye pichpen, nan pye pwadous, ak nan tout lòt kalite pyebwa ansanm ak fèy palmis pou nou fè ti joupa jan sa ekri nan liv la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 8:11Vè aswè konsa, pijon an tounen vin jwenn li. Men, fwa sa a, li te gen yon fèy oliv tout vèt nan bèk li. Konsa, Noe vin konnen dlo a te bese sou tout latè.
Leviticus 23:40Premye jou a, n'a keyi pi bon fwi nan pye sitwon nou yo, n'a koupe fèy nan pye dat nou yo ak branch nan pye jasmen ak pye sikren, n'a fè kè nou kontan devan Seyè a, Bondye nou an, pandan sèt jou.
Judges 9:48Lè sa a, Abimelèk moute sou mòn Zalmon avèk moun ki te avè l' yo. Li pran yon rach li koupe yon branch bwa, li pran l', li mete l' sou zepòl li. Epi li di tout moun ki te avè l' yo: -Nou wè sa m' fè a, kouri vit! Al fè menm bagay la tou.
John 12:13Lè sa a, yo koupe fèy palmis, yo soti al kontre li. Yo t'ap plede rele: Lwanj pou Bondye. benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la.