Nehemiah 9:10
Ou te fè anpil mirak ak mèvèy pou pini farawon an, moun ki t'ap sèvi l' yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la paske ou te konnen jan moun sa yo t'ap maltrete pèp ou a. Depi lè sa a, y'ap nonmen nou ou jouk jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:20Se poutèt sa, m'ap lonje men m', m'ap frape peyi Lejip. M'ap fè tout kalite mirak nan peyi a. Apre sa, l'a kite nou ale.
Exodus 5:7-Pa janm bay moun sa yo pay ankò pou yo fè brik, jan nou te konn fè l' la. Se yo menm ki pou al ranmase pay yo bezwen.
Exodus 14:1Bondye pale ak Moyiz, li di l':
Deuteronomy 4:34Eske te janm gen yon bondye ki te penmèt li al chache yon pèp nan mitan yon lòt pèp pou fè li tounen pèp pa li, yon bondye ki te janm fè tout mirak ak tout bèl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fòs ponyèt li, ak gwo kouraj li epi ki te fè anpil bagay pou fè moun tranble jan Seyè a, Bondye nou an, te fè l' pou nou devan je nou nan peyi Lejip la?
Deuteronomy 11:3Seyè a te fè nou wè mirak ak gwo mèvèy li te fè nan mitan peyi Lejip, pou li te fini ak farawon an ansanm ak tout moun nan peyi a.
Job 40:11Gade moun k'ap gonfle lestonmak yo nan je. Move sou yo! Kraze kouraj yo!