The Bible Software
bible.software › Nehemiah › Nehemiah 9 › Nehemiah 9:17

Nehemiah 9:17

Yo refize obeyi ou, yo bliye tout bèl mèvèy ou te fè pou yo. Yo fè tèt di, yo chwazi yon chèf pou mennen yo tounen nan esklavaj peyi Lejip la. Men, ou se Bondye ki konn padonnen. Ou gen pitye, ou gen bon kè. Ou pa fè kòlè fasil, Ou pa t' janm sispann renmen yo. Ou pa t' lage yo.

Bib La

In The King James Version

And refused to obey, neither were mindful of thy wonders that thou didst among them; but hardened their necks, and in their rebellion appointed a captain to return to their bondage: but thou art a God ready to pardon, gracious and merciful, slow to anger, and of great kindness, and forsookest them not.

In Context

16Men, zansèt nou yo kite lògèy vire lòlòj yo. Yo fè tèt di, yo derefize obeyi lòd ou te ba yo.

18Yo fonn metal, yo fè yon zidòl fòm yon ti towo bèf. Epi yo di se li menm ki bondye yo, bondye ki te fè yo moute soti kite peyi Lejip. Lè sa a, se pi gwo jouman yo ta ka fè ou!

Read all of Nehemiah 9

Cross References

Exodus 34:6Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li.

Numbers 14:3Poukisa Seyè a mennen nou nan peyi sa a? Koulye a, yo pral touye nou nan lagè, yo pral pran madanm ak pitit nou yo fè yo tounen esklav. Pa pito nou tounen nan peyi Lejip?

Numbers 14:11Seyè a di Moyiz konsa: -Kilè pèp sa a va sispann meprize mwen? Kilè y'a soti pou yo fè m' konfyans? Gade tout bèl bagay mwen te fè pou yo. Malgre sa, yo pa vle kwè m' toujou!

Numbers 14:41Men Moyiz di yo: -Pouki pou n'ap dezobeyi lòd Seyè a ankò? Sa p'ap mache pou nou non, fwa sa a!

1 Samuel 12:22Bondye ap kenbe pawòl li. Li te pwomèt li p'ap voye nou jete, paske li soti pou l' fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'.

1 Kings 8:57Koulye a, mwen mande pou Seyè a, Bondye nou an, toujou kanpe la avèk nou jan li te toujou kanpe la ak zansèt nou yo. Mwen mande l' pou l' pa janm lage nou, pou l' pa janm bliye nou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Nehemiah 9:17

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Nehemiah 9:16Nehemiah 9Nehemiah 9:18 →