The Bible Software
bible.software › Nehemiah › Nehemiah 9 › Nehemiah 9:28

Nehemiah 9:28

Men, kou ou ba yo yon ti souf, yo konmanse ap fè sa ki mal ankò devan ou. Ou lage yo nan men lènmi ki t'ap kraze yo. Lè sa a ankò, yo pran rele nan pye ou. Ou menm menm, ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou sitèlman gen bon kè, se pa ni de ni twa fwa ou delivre yo.

Bib La

In The King James Version

But after they had rest, they did evil again before thee: therefore leftest thou them in the hand of their enemies, so that they had the dominion over them: yet when they returned, and cried unto thee, thou heardest them from heaven; and many times didst thou deliver them according to thy mercies;

In Context

27Se konsa, ou lage yo nan men moun ki pa vle we yo, ki bat yo nan lagè, ki mete pye sou kou yo. Nan tray yo te ye a, yo rele mande ou sekou. Ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou te gen pitye pou yo, ou voye chèf pou delivre yo anba men moun ki t'ap peze yo.

29Ou te avèti yo, ou te mande yo pou yo obeyi tout lòd ou yo. Men, lògèy vire lòlòj yo, yo refize swiv kòmandman ou yo. Yo fè bagay ki pa dakò ak lòd ou ba yo. Epi se lè yon moun swiv lòd ou yo, li jwenn lavi! Men, yo fè wòklò, yo fè tèt di, yo derefize obeyi ou.

Read all of Nehemiah 9

Cross References

Judges 2:19Men, mouri chèf la mouri, pitit yo te rekonmanse lage kò yo nan menm vye bagay yo ankò pi mal pase papa yo. Y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Yo t'ap fè tèt di, yo derefize sispann fè bagay sa yo.

Judges 3:30Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo bat moun Moab yo byen bat. Apre sa, pandan katreventan te gen lapè nan peyi a.

Judges 5:31Wi, Seyè! Se konsa pou tout lènmi ou yo mouri. Men, zanmi ou yo ap klere tankou solèy midi. Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan.

1 Kings 8:39tanpri, koute lapriyè yo, kote ou ye nan syèl kote ou rete a, padonnen yo, fè sa ou gen pou fè a. Bay chak moun sa yo merite, paske ou konnen sa ki nan kè yo chak. Se ou menm sèlman ki konnen sa ki nan fon kè moun.

Psalms 106:43Seyè a te delivre pèp li a anpil fwa. Men, yo te pito revòlte kont li, yo te tonbe pi mal nan fè peche.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Nehemiah 9:28

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Nehemiah 9:27Nehemiah 9Nehemiah 9:29 →