Numbers 10:25
Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Dann lan vini, chak divizyon apa. Se yo k'ap pwoteje tout pèp la pa dèyè nèt. Alatèt divizyon branch fanmi Dann lan se Ayezè, pitit gason Amichadayi a, ki t'ap mache.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Epi se Abidan, pitit gason Gideyoni an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Benjamen an.
26Se Pagiyèl, pitit gason Okran an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Asè a.
Cross References
Numbers 1:12Nan branch fanmi Dann lan, se va Ayezè, pitit gason Amichadayi.
Numbers 2:31Konsa, anba làbanyè Dann lan, te gen twa divizyon. Sa te fè antou sansenkannsètmil sisan (0157.600) gason. Se toujou yo menm ki pou mache dèyè nèt, chak divizyon anba drapo pa yo.
Numbers 26:42Men pitit gason Dann lan ak tout kòt fanmi l'. Se te fanmi moun Chwanm yo. Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Dann lan.
Joshua 6:9Pòsyon lame ki pou mache devan an pran devan prèt ki t'ap kònen yo. Pòsyon lame ki pou mache dèyè a t'ap mache dèyè Bwat Kontra a. Pandan yo t'ap mache konsa, yo t'ap kònen kòn belye yo.
Isaiah 58:8Lè sa a, tankou solèy k'ap leve, m'ap klere nou, m'a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m'a geri nou, m'a toujou mache ak nou pou m' delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou pwoteje nou.