Numbers 11:10
Moyiz te tande jan pèp la t'ap plenyen, chak moun ak fanmi yo devan papòt tant yo. Seyè a te fache anpil sou moun yo. Sa te fè Moyiz lapenn.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Se lannwit laman lan te konn tonbe nan kan an, menm lè ak lawouze.
Cross References
Numbers 11:1Pèp la te konmanse ap plenyen nan zòrèy Seyè a jan zafè yo pa t' bon. Lè Seyè a tande sa, li fè yon sèl kòlè, li voye dife sou pèp la. Dife a pran nan mitan yo, li boule yon bò nan kan an nèt.
Numbers 12:9Seyè a te fè yon sèl fache sou yo, epi l' ale.
Numbers 16:27Se konsa, tout pèp la wete kò yo, yo rete byen lwen kote Kore, Datan ak Abiram te rete a. Datan ak Abiram menm soti, yo vin kanpe devan pòt kay yo ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo.
Numbers 21:5Pèp la pale Bondye ansanm ak Moyiz mal, yo leve dèyè yo, yo di konsa: -Poukisa nou fè nou soti kite peyi Lejip la? Gen lè se pou fè nou vin mouri nan dezè sa a kote ki pa gen ni manje ni dlo. Nou bouke manje vye manje sa a ki pa ka fè anyen pou nou ankò.
Psalms 78:21Lè Seyè a tande sa, li fè kòlè. Se te tankou yon dife li te limen dèyè pitit Jakòb yo. Li vin ankòlè anpil sou yo,
Psalms 106:25Yo rete anba tant yo, y'ap bougonnen. Yo pa t' vle koute Seyè a.