Numbers 11:4
Bann moun lòt nasyon ki te la nan mitan pèp Izrayèl la te anvi manje vyann. Pèp la menm te pran plenyen ankò, yo t'ap di: -Ki moun k'ap fè nou jwenn vyann pou nou manje koulye a?
Bib La
In The King James Version
In Context
3Se konsa yo rele kote yo te ye a Tabera, paske se la dife Seyè a te pran nan mitan yo a.
Cross References
Exodus 16:3Yo t'ap di yo: -Poukisa Seyè a pa t' tou touye nou nan peyi Lejip la? Lè sa a, nou te konn chita devan bòl vyann nou, nou te konn manje pen plen vant nou. Men, ou menm ak Arawon, nou mennen nou nan dezè sa a pou fè tout kantite moun sa yo mouri grangou.
Leviticus 24:10Vwala te gen yon nonm, manman l' te moun pèp Izrayèl, men papa l' te moun peyi Lejip. Msye vin rive nan mitan pèp la, epi li pete yon kont nan kan an avèk yon moun pèp Izrayèl la.
Numbers 14:1Lè sa a, pèp la pran rele byen fò, yo pase tout nwit la ap kriye san rete.
Nehemiah 13:3Lè moun pèp Izrayèl yo tande sa yo te li nan liv lalwa a, yo pran tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo mete yo deyò.
Psalms 78:20Wi, se vre. Li frape wòch la: Dlo koule kou larivyè. Men, èske li kapab ban nou pen? Eske li ka bay pèp li a vyann?
Romans 13:14Se pou nou pran Jezikri Seyè a tankou yon zam mete sou nou. Pa kite ekzijans kò a pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.