Numbers 13:2
-Ou pral chwazi douz nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yonn pou chak branch fanmi. Ou pral voye yo pou y' al wè ki jan peyi Kanaran an ye, peyi m'ap bay moun Izrayèl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
Cross References
Exodus 18:25Moyiz chwazi nan mitan pèp Izrayèl la kèk nèg ki kapab dirije pèp la, li mete yo chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.
Numbers 11:16Seyè a di Moyiz konsa: -Sanble swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, moun ou konnen ki gen otorite sou pèp la, ki konn bout yo. Mennen yo nan Tant Randevou a. Fè yo rete kanpe la avèk ou.
Numbers 32:8Se menm bagay la zansèt nou yo te fè wi lè mwen te voye yo ale vizite peyi a antan nou te Kadès Banea.
Deuteronomy 1:15Se konsa mwen pran nan chak branch fanmi nou yo moun ki gen lespri, moun ki konn lavi, mwen mete yo chèf pou dirije nou. Genyen mwen mete chèf sou mil gason, dòt sou san gason, dòt sou senkant gason, dòt ankò sou dis gason. Mwen te chwazi lòt chèf tou pou chak branch fanmi.
Joshua 2:1Lè sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete Sitim kote yo te ye a, li voye de nèg an kachèt al wè jan sa ye lavil Jeriko. Li di yo: -Ale vizite peyi a ak lavil Jeriko. Se konsa mesye yo ale, yo antre lakay yon jennès ki te rele Rarab. Se la yo desann.