Numbers 15:39
Chak fwa n'a wè ponpon sa yo, sa va fè nou chonje tou sa Seyè a te ban nou lòd fè pou nou ka fè yo. Konsa, nou p'ap pèdi tèt nou, nou p'ap vire do ban mwen pou nou swiv pwòp lide pa nou ak pwòp dezi pa nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 13:9Sèvis sa a ap tankou yon mak nan men nou osinon yon bagay nou mete nan tèt nou pou nou pa bliye, pou nou ka toujou fè konnen lòd Seyè a. Paske, se avèk fòs ponyèt li li fè nou soti kite peyi Lejip la.
Deuteronomy 4:23Veye kò nou pou nou pa janm bliye kontra Seyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an. Piga nou janm fè ankenn zidòl, ankenn pòtre bagay Seyè a, Bondye nou an, te defann nou fè.
Deuteronomy 6:12fè atansyon pou nou pa bliye Seyè a, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te esklav la.
Deuteronomy 11:28Men se va madichon pou nou si nou pa vle mache dapre kòmandman Seyè a, Bondye nou an, si nou kite chemen mwen mande nou pou nou swiv jòdi a pou n' al kouri dèyè lòt bondye nou pa janm konnen.
Job 31:7Si mwen janm pran chemen kwochi pou mwen, si mwen te kite lanvi anvayi kè m', si mwen janm mete men m' nan sa ki mal,
Psalms 106:39Avèk sa yo t'ap fè a, yo avili tèt yo, yo vire do bay Bondye.