Numbers 16:38
Wi, yo apa pou mwen paske mesye sa yo ki mouri pou peche yo te ofri yo devan lotèl Seyè a. W'a pran recho sa yo, w'a bat yo ak mato fè yo tounen plak fin pou kouvri lotèl la. Sa va sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 16:40pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza.
Numbers 26:10Lè sa a, tè a te louvri, li vale yo, epi yo mouri ansanm ak Kore ak tout bann moun li yo. Jou sa a, dife te boule desansenkant (0250) moun. Se te yon avètisman pou pèp la.
Proverbs 1:18Se konsa moun sa yo pran nan pèlen yo menm yo pare a. Yo tonbe nan pyèj yo mete a, yo mouri.
Proverbs 20:2Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Moun ki mete l' ankòlè a, se pwòp tèt li l'ap fè mal.
Habakkuk 2:10Se wont nou fè fanmi nou yo wont. Lè nou detwi anpil nasyon konsa, se pwòp tèt nou nou fè mal.
2 Peter 2:6Li te kondannen lavil Sodòm ak lavil Gomò pou yo te disparèt, li fè yo tounen sann, pou sa te sèvi yon egzanp pou tout mechan ki gen pou vini apre yo.