Numbers 17:10
Seyè a di Moyiz: -Remete branch bwa Arawon an devan Bwat Kontra a. Se pou yo konsève l' pou sa sèvi yon siy pou moun tèt di sa yo, pou yo ka sispann bougonnen. Si yo pa sispann bougonnen, y'ap mouri!
Bib La
In The King James Version
In Context
11Moyiz fè jan Seyè a te ba li lòd fè a.
Cross References
Numbers 4:18-Pa kite anyen rive moun fanmi Keyat yo ki pou ta fè yo disparèt nan mitan moun Levi yo.
Numbers 16:21-Wete kò nou nan mitan moun sa yo. Mwen pral disparèt yo koulye a.
Numbers 16:40pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza.
Deuteronomy 31:19Koulye a, ekri chante sa a. W'a moutre tout moun pèp Izrayèl yo li, pou l' ka nan bouch yo tout, epi pou l' sa sèvi m' temwen kont yo.
1 Samuel 30:22Men, pami mesye ki t' ale avèk David yo, te gen kèk malveyan ak vòryen ki t'ap di: -Mesye sa yo pa t' ale avèk nou. Nou p'ap ba yo anyen nan sa nou pran an. N'ap annik renmèt yo madanm yo ak pitit yo pou y' al fè wout yo.
Isaiah 1:2Seyè a di konsa: -Ou menm syèl la, koute! Ou menm latè, pare zòrèy ou! Paske mwen menm, Seyè a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen.