Numbers 18:17
Men, pou premye ti mal yon manman bèf osinon yon manman kabrit ou ankò yon manman mouton fè, ou p'ap asepte anyen pou yo. Se bagay ki apa pou mwen nèt. Se pou yo touye yo. Y'a vide san yo sou lotèl la, w'a boule grès yo. Se va yon ofrann y'a boule nèt pou mwen, yon ofrann ki va fè m' plezi ak bon sant li.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Men, vyann yo va rete pou ou ansanm ak vyann pwatrin lan ak jigo dwat ki te deja pou ou a.
Cross References
Leviticus 3:2L'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l' devan pòt Tant Randevou a. Prèt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bò lotèl la.
Deuteronomy 15:19Tout premye pitit mal fenmèl bèf nou osinon fenmèl mouton nou va fè, n'a mete yo apa pou Bondye, Seyè a. Piga nou janm fè premye ti towo fenmèl bèf nou fè a travay pou nou. Ni nou pa dwe janm taye lenn ki sou premye ti belye mouton fenmèl mouton nou yo fè a.