Numbers 18:26
-Pale ak moun Levi yo, di yo konsa: Lè n'a resevwa nan men moun pèp Izrayèl yo ladim Seyè a ban nou pou byen pa nou, n'a wete yon dizyèm ladan l' pou mwen. Se va ofrann ladim pa nou bay Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l':
27Y'a konsidere ofrann sa a tankou ofrann lòt moun yo fè sou farin ble ak diven apre chak rekòt.
Cross References
Numbers 15:21Se pou nou toujou wete yon pen nan premye pen nou fè apre rekòt nou yo pou nou fè Seyè a kado. Se va yon lwa pou pitit ak pitit pitit nou yo, depi koulye a ak pou tout tan.
Nehemiah 10:38Yonn nan pret yo, ki soti nan branch fanmi Arawon an, va toujou ale avèk moun Levi yo lè yo pral ranmase ladim lan. Lèfini, moun Levi yo va pote mete nan depo pwovizyon tanp lan yon dizyèm nan tout ladim y'a ranmase a pou sèvis Tanp lan.