Numbers 18:28
Konsa, nou menm tou, n'a pran yon pòsyon nan tout ofrann ladim moun pèp Izrayèl yo va fè, n'a mete l' apa pou mwen. Epi n'a pran pòsyon nou wete pou Seyè a nan sa ki pou nou an, n'a bay Arawon, prèt la, li pou tèt pa li.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Y'a konsidere ofrann sa a tankou ofrann lòt moun yo fè sou farin ble ak diven apre chak rekòt.
29N'a pran sa ki pi bon nan tout sa ki pou nou an, n'a ofri l' bay Seyè a.
Cross References
Genesis 14:18Mèlkisedèk menm ki te wa peyi Salèm fè pote pen ak diven vini. Se yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la li te ye.
Hebrews 6:20Se la Jezi te antre an premye pou louvri chemen an pou nou, li menm ki te tounen yon granprèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.