bible.software › Numbers › Numbers 19 › Numbers 19:17
Numbers 19:17
Si yon moun ta rive nan kondisyon sa a konsa, y'a pran ti gout nan sann gazèl yo te boule pou wete peche a, y'a mete l' nan yon veso, epi y'a vide ti gout dlo dous sou li.
Bib La
In The King James Version
And for an unclean person they shall take of the ashes of the burnt heifer of purification for sin, and running water shall be put thereto in a vessel:
In Context
16Konsa tou, depi yon moun k'ap mache nan jaden manyen kadav yon moun mouri, kit moun lan mouri mò natirèl, kit se ansasinen yo te ansasinen l', osinon depi yon moun manyen zosman yon moun mouri oswa tonm kote yo antere yon moun mouri, moun sa a p'ap nan kondisyon pou l' sèvi Bondye pandan sèt jou.
18Nan premye ka a, yon moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye va pran yon branch izòp, l'a plonje l' nan dlo a, epi l'a voye dlo sou kay la, sou tout bagay ki ladan l' ak sou tout moun ki te la nan kay la. Nan dezyèm ka a, l'a voye dlo a sou moun lan, kit li te manyen zosman moun mouri osinon kadav moun yo te ansasinen, osinon kadav moun ki te mouri mò natirèl, kit li te manyen yon tonm moun mouri.
Read all of Numbers 19
Cross References
Genesis 26:19Domestik Izarak yo te fouye ankò nan fon an. Yo te jwenn yon sous dlo k'ap ponpe.
Song of Solomon 4:15Fontenn jaden mwen an, se yon sous dlo k'ap koule desann byen fre soti nan mòn Liban an.
John 7:38Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wè gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule soti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la.
This Verse In Other Editions
Study Numbers 19:17