Numbers 19:2
-Men yon regleman Seyè a bay lòd pou yo swiv tankou yon lwa: Men sa li di: Mande moun pèp Izrayèl yo pou yo fè ou jwenn yon gazèl pwal koulè wouj, ki pa gen okenn enfimite e ki poko janm travay.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
Cross References
Exodus 12:5Se pou ti bèt nou chwazi a yon timal ki gen ennan, epi ki pa gen ankenn enfimite, li te mèt mouton, li te mèt kabrit.
Leviticus 1:10Si se yon ti bèt moun lan vle ofri pou boule nèt pou Seyè a, l'a ofri yon ti bouk kabrit osinon yon belye mouton ki pa gen ankenn enfimite.
Leviticus 22:20Si nou ofri yon bèt ki gen nenpòt enfimite, Seyè a p'ap asepte l' nan men nou.
Numbers 31:21Eleaza, prèt la, pale ak mesye ki te tounen soti nan lagè yo. Li di yo konsa: -Men yon regleman nou jwenn nan lòd Seyè a te bay Moyiz.
1 Samuel 6:7Nou pral pare yon kabwa tou nèf ak de manman bèf ki gen pitit dèyè yo epi ki pa janm sèvi pou fè ankenn travay anvan sa. N'a mare yo nan kabwa a, men n'a fè ti bèf dèyè manman yo tounen lakay.
Lamentations 1:14Li make tout peche m' yo. Li fè yon pakèt ak yo. Li pandye yo nan kou m'. Yo sitèlman lou, m' pa kapab ankò! Bondye sèl Mèt la lage m' nan men lènmi m' yo. M' pa ka kenbe tèt ak yo.