Numbers 20:17
Tanpri, n'ap mande ou yon ti pèmisyon pou nou pase ase nan mitan peyi ou la. Nou p'ap kite wout nou pou n' pase nan mitan jaden ou, ni nan mitan pye rezen ou yo. Ata dlo nan pi ou yo nou p'ap bwè. Nou p'ap kite gran chemen w'a moutre nou an, nou p'ap vire ni adwat ni agoch, jouk n'a fin travèse lòt bò peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 21:22-Kite nou pase ase nan mitan peyi ou la! Nou p'ap kite wout nou pou pase nan mitan jaden ou, ni nan mitan pye rezen ou yo. Ata bwè nou p'ap bwè dlo nan pi ou yo. N'ap rete sou gran chemen ou va moutre nou an, jouk n'a fin travèse lòt bò peyi ou la.
Deuteronomy 2:27Mwen fè lide pase nan peyi a. N'ap pase pase nou sou gran chemen an san nou pa vire ni adwat ni agoch.
Deuteronomy 2:29jouk nou rive lòt bò larivyè Jouden an, nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. Se konsa moun fanmi Ezaou yo ki te rete nan peyi Seyi a, ak moun Moab yo ki rete nan lavil Ar la te ban nou pèmisyon pou n' pase nan peyi yo.