Numbers 21:24
Men, moun Izrayèl yo touye anpil ladan yo nan batay la, yo pran tout peyi a nan men yo, depi larivyè Anon nan sid rive larivyè Jabòk nan nò, toupre fwontyè peyi Amon an, ki te yon fwontyè byen gade.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 21:13Lè yo kite ravin Zerèd, y' al moute kan yo lòt bò larivyè Anon nan dezè ki rive jouk nan teritwa moun Amori yo. Rivyè Anon sa a te sèvi fwontyè ant peyi Moab ak peyi Amori a.
Numbers 32:4tout peyi Seyè a te ede moun pèp Izrayèl yo pran pou yo bò isit la, se tè ki bon pou fè gadinaj, lèfini nou menm nou gen anpil bèt.
Deuteronomy 1:4Lè sa a, Seyè a te fin bat Siyon, wa peyi Amori a, ki te rete Esbon, ak Og, wa peyi Bazan an, ki te rete Astawòt nan zòn Edreyi.
Deuteronomy 2:33Men, Seyè a, Bondye nou an, lage l' nan men nou. Nou bat li byen bat, li menm, pitit gason l' yo ak tout lame l' yo.
Deuteronomy 4:46Lè sa a, yo te deja rive lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve, nan fon ki anfas Bètpeyò a, nan peyi wa Siyon an. Siyon sa a te wa peyi Amori a, li te rete lavil Esbon. Men, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo te bat li apre yo te fin soti kite peyi Lejip la.
Deuteronomy 31:4Seyè a va detwi nasyon sa yo nèt, menm jan li te detwi Siyon ak Og, wa peyi Amori yo, ansanm ak tout moun nan peyi yo a nèt ale.