Numbers 21:28
Paske yon sèl dife te soti lavil Esbon, Wi, lame wa Siyon an derape tankou yon flanm dife, li boule lavil A Moab. Li devore tout chèf ki rete sou mòn Anon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 21:15avèk fon lavalas li yo, ki desann bò lavil Amoab la nan direksyon fwontyè peyi Moab la.
Deuteronomy 2:9Lè sa a, Seyè a di m': Pa chache moun Moab yo, moun fanmi Lòt yo, kont. Pa al goumen ak yo paske mwen p'ap ban nou anyen nan peyi ki pou yo a. Se mwen menm ki bay yo lavil A Moab la pou yo rete.
Judges 9:15Pye pikan an di yo: Si nou soti tout bon vre pou nou fè m' wa alatèt nou, enben, vini non. Vin mete kò nou nan lonbraj mwen. Si nou pa fè sa, gen yon sèl dife k'ap soti nan touf pikan an, l'ap boule nou tout, ata pye sèd peyi Liban yo!
Isaiah 10:16Se poutèt sa, Seyè ki gen tout pouvwa a pral voye yon sèl maladi deperi sou bann moun gra sa yo, yon sèl chalè ki pral leve nan tout kò yo, tankou yon gwo dife ki pran sou yo.
Jeremiah 48:45Moun k'ap kouri met deyò yo rive Esbon tou bouke. Y'ap chache pwoteksyon lavil Esbon, lavil kote wa Siyon t'ap gouvènen an: men yo jwenn li ap boule. Dife a gaye, li rive jouk sou fwontyè a, li moute rive jouk sou tèt mòn lwijanboje yo.
Amos 1:7M'ap voye dife sou miray lavil Gaza. L'ap boule gwo kay yo ra tè.