Numbers 21:34
Seyè a di Moyiz konsa: -Ou pa bezwen pè msye! M'ap fè nou kraze l' anba pye nou, li menm ansanm ak tout pèp l' a. M'ap fè nou pran peyi l' la pou nou. Nou pral fè l' pase sa nou te fè Siyon, wa peyi Amori ki te rete Esbon an, pase.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 14:9Sèlman, pa kenbe tèt ak Seyè a! Nou pa bezwen pè moun k'ap viv nan peyi sa a. N'ap manje yo tankou kann. Bondye ki t'ap pwoteje yo a kouri mete deyò. Men Seyè a kanpe la avèk nou. Nou pa bezwen pè yo.
Deuteronomy 2:30Men, Siyon, wa Esbon an, pa t' dakò pou l' te kite nou pase nan pèyi l' la. Seyè a, Bondye nou an, fè l' kenbe tèt ak nou, li fè l' refize chanje lide malgre tou sa nou fè, pou l' sa lage l' nan men nou ansanm ak tout peyi a, jan sa ye jouk koulye a.
Deuteronomy 3:2Lè sa a, Seyè a di m' konsa: Nou pa bezwen pè li, mwen pral lage yo nan men nou, li menm ansanm ak tout pèp li a ak tout peyi li a. Menm sa nou te fè Siyon, wa peyi Amori ki te rete lavil Esbon an, se sa nou pral fè li tou.
Deuteronomy 7:17Si nou ta rive di nan kè nou: Nasyon sa yo gen plis moun pase nou. Ki jan pou n' fè pou n' pran peyi a nan men yo? wete lide konsa nan tèt nou.
Deuteronomy 7:21Nou pa bezwen pè moun sa yo menm. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Se yon Bondye ki gen anpil pouvwa, yon Bondye ki fè tout moun respekte l'.
Deuteronomy 20:3L'a di yo: -Koute byen, moun Izrayèl yo: Jòdi a nou pral goumen kont lènmi nou yo. Kè nou pa bezwen sote. Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble, ni nou pa bezwen kouri pou yo.