Numbers 21:4
Moun Izrayèl yo pati, yo kite mòn Or la, yo pran wout ki mennen bò Lanmè Wouj la, pou yo pa pase nan peyi Edon an. Men, antan y'ap vwayaje a, pèp la vin dekouraje.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 6:9Moyiz di pèp Izrayèl la sa, men yo pa t' vle kwè l', paske yo te about. Esklavaj la te peze lou sou yo.
Numbers 20:18Wa Edon an voye di yo: -Non. Nou p'ap kite nou travèse peyi a. Si nou chache fè sa, n'ap mache pran nou, n'ap atake nou.
Numbers 20:27Moyiz fè tou sa Seyè a te mande l' fè a: Devan je tout moun, yo tou twa yo moute sou mòn Or la.
Numbers 32:9Yo moute jouk nan ravin Echkòl la, yo vizite tout peyi a. Apre sa, yo dekouraje moun pèp Izrayèl yo pou yo pa antre nan peyi Seyè a te ba yo a.
Deuteronomy 1:40Men nou menm, tounen tounen nou nan dezè a! Pran chemen Lanmè Wouj la ankò!
Judges 11:18Apre sa, yo pran mache nan dezè a, yo fè yon detou pou yo pa pase nan peyi Edon an ak nan peyi Moab la. Yo rive sou bò solèy leve peyi Moab la, lòt bò larivyè Anon an. Se la yo moute kan yo pou yo rete. Men, yo pa janm janbe lòt bò larivyè Anon paske se li ki te sèvi fwontyè pou peyi Moab la.