Numbers 22:18
Men, Balaram reponn moun Balak yo, li di yo: -Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen, ni lou ni lejè, ki pou fè m' dezobeyi lòd Seyè a, Bondye mwen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 22:8Balaram di yo: -Bon. Nou mèt pase nwit la isit la. Denmen m'a ban nou repons mwen dapre sa Seyè a va fè m' konnen. Se konsa, chèf fanmi moun Moab yo rete lakay Balaram.
Numbers 23:26Men, Balaram reponn Balak, li di l': -Mwen te tou pale ou wi. Mwen te di ou: Tou sa Seyè a va di m' fè, se sa m'ap fè.
Joshua 24:10Men, mwen pa koute l'. Konsa, li te blije ban nou benediksyon. Se konsa mwen sove nou nan men Balak.
1 Kings 22:14Men, Miche reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye vivan an, sèvi m' temwen. Sa Seyè a va di m' di se sa m'a di.
Job 3:15Mwen ta kouche ap dòmi ansanm ak chèf ki te gen kay yo plen lò ak ajan.
Acts 8:20Men, Pyè di li: Al mouri ansanm ak tout lajan ou lan! Sa Bondye fè kado, ou kwè moun ka achte sa ak lajan?