Numbers 24:17
Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l' pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap soti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Moab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 4:25Adan te kouche ak madanm li ankò. Madanm li fè yon ti gason. Madanm lan di: Bondye ban m' yon lòt gason pou ranplase Abèl Kayen te touye a. Li rele l' Sèt.
Genesis 49:10Yo p'ap ka wete kòmandman an nan men Jida. Non. Baton kòmandman an p'ap soti nan mitan janm li, jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini.
1 Samuel 14:38Lè sa a, li rele tout chèf pèp la, li di yo: -Pwoche devan la a. Chache konnen ki peche nou te fè jòdi a.
2 Kings 3:5Men, lè Akab, wa peyi Izrayèl la, mouri, wa peyi Moab la revòlte kont otorite wa peyi Izrayèl la.
1 Chronicles 18:2Lèfini, li bat moun peyi Moab yo. Moun Moab yo soumèt devan David. Li fè yo peye taks ba li chak lè.
Psalms 45:6(045:7) Gouvènman ou lan la pou tout tan tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.