Numbers 26:11
Men, pitit gason Kore yo pa t' mouri lè sa a.
Bib La
In The King James Version
Notwithstanding the children of Korah died not.
In Context
Cross References
Exodus 6:24Men non pitit Kore yo: Asi, Elkana ak Abyazaf. Se tout fanmi Kore yo sa.
Numbers 16:33Yo desann tou vivan avèk tou sa ki te pou yo nan peyi kote mò yo ye a. Apre sa, tè a fèmen sou yo, yo disparèt nèt nan mitan pèp la.
1 Chronicles 6:7Merajòt te papa Amarya, Amarya te papa Akitoub,
1 Chronicles 9:19Chaloum, pitit Kore, pitit pitit Ebyazaf nan branch fanmi Kore a, ansanm ak lòt moun nan fanmi Kore a te reskonsab veye pòtay pou antre nan kote ki apa pou Seyè a, tankou zansèt yo te fè l' anvan sa lè yo t'ap veye Pòtay kan Seyè a.
Psalms 44:1(044:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (044:2) Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan.
Psalms 46:1(046:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (046:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.