Numbers 27:11
Si papa l' pa t' gen frè, n'a renmèt li bay fanmi pi pre l' la. Epi tè a va rete pou li. Se pou moun pèp Izrayèl yo swiv regleman sa a tankou yon lwa, jan mwen menm Seyè a, mwen te bay Moyiz lòd la.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Si li pa gen frè, n'a renmèt tè a bay frè papa l' yo.
Cross References
Leviticus 25:49osinon tonton l', osinon pitit gason tonton l' yo, osinon yonn nan fanmi pre li yo ka fè pou li. Si li menm li vin gen mwayen, li ka reachte tèt li tou.
Ruth 4:3li di nonm ki te fanmi pre Elimelèk la: -Naomi tounen soti nan peyi Moab. Koulye a, li ta vle vann jaden ki te pou Elimelèk, fanmi nou an.
Jeremiah 32:8Se konsa, jan Seyè a te fè m' konnen an, kouzen m' Anamèl vin jwenn mwen nan lakou palè kote gad yo ye a. Li mande m' pou m' achte yon jaden li te genyen lavil Anatòt, nan peyi moun Benjamen yo. Li di se mwen an premye ki gen dwa achte l' paske se mwen ki fanmi pi pre ak li. Konsa, se mwen ki pou achte l' nan men l'. Lè sa a, mwen vin sèten se Seyè a menm ki te pale avè m'.