Numbers 3:13
Paske, tout premye pitit gason yo se pou mwen yo ye. Depi jou mwen te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, mwen te mete tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo apa pou mwen, ansanm ak tout premye ti mal bèt yo fè. Se pou mwen menm yo tout ye. Se mwen menm ki Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Seyè a pale ak Moyiz nan dezè Sinayi a, li di l' konsa:
Cross References
Exodus 13:2-Se pou nou mete tout premye pitit gason ak tout premye mal bèt yo apa pou mwen. Tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, tout premye mal bèt yo fè, se pou mwen yo ye.
Exodus 13:15Seyè a te touye depi premye pitit gason moun peyi Lejip yo rive jouk premye mal bèt yo fè, paske farawon an t'ap fè tèt di, li pa t' vle kite nou ale. Se poutèt sa nou ofri bay Seyè a tout premye mal bèt nou yo fe, epi nou ofri lòt bagay pou achte lavi tout premye pitit gason nou yo nan men l'.
Exodus 34:19Tout premye pitit gason se pou mwen yo ye. Konsa tou, tout bèt, kit se bèf, kit se mouton, kit se kabrit, premye pitit mal yo fè, se pou mwen yo ye tou.
Numbers 3:41Se mwen menm ki Seyè a. W'a pran moun fanmi Levi yo, w'a mete yo apa pou mwen nan plas tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. Konsa tou, w'a pran tout bèt ki pou moun fanmi Levi yo, w'a mete yo apa pou mwen nan plas premye ti mal bèt moun Izrayèl yo va fè.
Numbers 18:6Se mwen menm ki te pran fanmi ou yo, moun Levi yo, ki te chwazi yo nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo, mwen mete yo apa pou mwen. Se mwen ki ba ou yo pou yo ka travay nan Tant Randevou a.
Numbers 33:4Lè sa a, moun peyi Lejip yo t'ap antere premye pitit gason yo. Se Seyè a menm ki te touye yo. Se konsa li te fè wè li gen plis pouvwa pase bondye moun peyi Lejip yo