Numbers 3:50
Li pran mil twasanswasannsenk (01.365) pyès lajan nan men premye pitit moun Izrayèl yo, dapre sistèm lajan yo sèvi nan kote ki apa pou Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 3:46Ou te jwenn te gen plis premye pitit gason nan pèp Izrayèl la pase te gen moun Levi. Te gen desanswasanntrèz (0273) an plis. Men sa pou yo peye pou sove lavi desansousanntrèz premye pitit gason sa yo.
1 Timothy 2:5Se yon sèl Bondye a ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò, se Jezi, Kris la.
Hebrews 9:12Kris la pase nan tant lan, li antre kote yo mete apa pou Bondye a, li ofri san an yon sèl fwa devan Bondye epi li fini. Lè sa a, se pa t' san bouk kabrit ni san ti towo bèf li te ofri. Se san pa l' menm li te ofri. Se sak fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l' te ka delivre nou pou tout tan.
1 Peter 3:18Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò.