Numbers 31:15
Li di yo konsa: -Poukisa nou pa touye tout medam sa yo?
Bib La
In The King James Version
And Moses said unto them, Have ye saved all the women alive?
In Context
Cross References
Deuteronomy 2:34Tout lavil yo tonbe nan men nou tou epi nou touye yo nèt pou Bondye nou an tankou yon ofrann. Nou touye tout moun nèt, fanm kou gason, timoun kou granmoun. Nou pa kite yonn chape.
Deuteronomy 20:16Men, lè nou pran yon lavil ki nan limit peyi Seyè a ap ban nou pou nou rete a, se pou nou touye tou sa ki vivan ladan l'.
Joshua 8:25Jou sa a, yo touye douzmil (012000) moun, fi kou gason, ki t'ap viv nan lavil Ayi a.
Joshua 11:14Moun pèp Izrayèl yo pran tout bagay ak tout bèt yo te jwenn nan lavil yo. Men, yo touye tout moun, yo pa kite yonn chape.
Psalms 137:8Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.
Ezekiel 9:6Touye ni granmoun, ni jenn gason, ni jenn fi, ni fanm, ni timoun. Men, pa manyen moun ki gen mak sou fwon yo. Konmanse depi nan tanp mwen an. Yo konmanse ak chèf fanmi ki te kanpe nan Tanp lan.