Numbers 31:23
tou sa ki pa ka boule nan dife, n'a pase yo nan dife pou yo ka nan kondisyon sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Men tou sa ki ka boule nan dife, se nan dlo yo mete apa pou sa a n'a pase yo pou yo ka nan kondisyon sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Tout moso lò, tout moso ajan, tout bout fè, tout moso kwiv, tout moso plon,
Cross References
Exodus 19:14Moyiz desann soti sou mòn lan, l' al bò kote pèp la. Li fè yo mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a. Yo lave rad yo.
Leviticus 15:17Depi dechay la tonbe sou yon bagay fèt an twal osinon an po, se pou yo lave bagay sa yo, epi moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye p'ap ka sèvi ak bagay sa yo jouk aswè.
Numbers 19:9Yon lòt moun ki nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye va ranmase tout sann gazèl wouj la, l'a mete l' yon kote ki apa pou Bondye andeyò limit kan kote moun yo rete a. Y'a konsève sann lan pou lè moun pèp Izrayèl yo va bezwen pran ladan l' pou pare dlo y'a sèvi pou mete nenpòt bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò, lè y'ap fè sèvis pou mande Bondye padon pou sa yo fè ki mal.
Isaiah 43:2Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
Malachi 2:2Si nou pa koute sa m'ap di nou la a, si nou pa soti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen, m'ap voye madichon sou nou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a k'ap pale konsa wi. M'ap madichonnen tout bon bagay k'ap vin pou nou yo. Wi, mwen madichonnen yo deja, paske nou pa soti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen.
1 Corinthians 3:13Men, se jou jijman an n'a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l'ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L'ap fè wè kalite travay yo.