Numbers 31:54
Se konsa Moyiz ak Eleaza, prèt la, pran lò chèf divizyon mil ak chèf konpayi san yo te pote ba yo a, yo pote l' nan Tant Randevou a, pou Seyè a te ka toujou chonje pwoteje pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
53Men, sòlda yo menm te kenbe sa yo te pran pou tèt pa yo.
Cross References
Numbers 16:40pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza.
Ezra 7:5Bouki te pitit Abichwa, Abichwa te pitit Fineas, Fineas te pitit Eleaza, Eleaza te pitit Arawon, granprèt la.
Psalms 103:1Se yon sòm David. Kite m' di Seyè a mèsi! Kite m' di Seyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!
Psalms 145:7Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.
Luke 22:19Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l', epi li di yo: Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen.